Koze Lakay
Book Details
Author(s)Gerald Toussaint
PublisherWebversity Publications
ISBN / ASIN0615771009
ISBN-139780615771007
CategoryBiography & Autobiography
MarketplaceFrance 🇫🇷
Description
Koze Lakay se premye liv Gérald Toussaint alyas Mèt Gérald ekri. Se yon lodyans, yon meditasyon, yon pwomnad yon nèg rekonesan, konsekan e konsyan fè sou boulva lavi li deja kite dèyè do li. Gen yon bon dòz imilite ak modesti lektè a ap jwenn nan chak ti istwa-kont, chak temwanyaj, chak pa otè-rakontè a fè sou chemen eksperyans li. Nan fondas liv la menm, k ap pale de reyalite chak jou majorite mas pèp Ayisyen an, nou jwenn gran vèti filozofik ki degize sou fòm leson moral e kamoufle kò yo anba zèl diskou naratif.
