ODINATE SE LAVNI NOU! Buy on Amazon

https://www.ebooknetworking.net/books_detail-B003552KGY.html

ODINATE SE LAVNI NOU!

Book Details

ISBN / ASINB003552KGY
ISBN-13978B003552KG3
MarketplaceFrance  🇫🇷

Description

Òdinatè Se Lavni Nou: Diferans ak Referans pou Windows (3.1, 95, 98, 2000). Liv la gen kat chapit ladan li : Windows 3.1, Windows 95, Windows 98, Windows 2000. Li genyen tou de lòt pati ki enpòtan anpil se : Definisyon ak Mo Teknik.

Mo Teknik

Seksyon sa a enpòtan, paske se li ki pral konekte-w swa ak lanng franse a, swa ak lanng angle a pandan tout tan ou pral pase ak liv la, paske se tèm kreyòl yo senpman ou pral jwenn tout anndan liv la.


Definisyon

Seksyon sa a pral ba ou siyfikasyon osnon fonksyon kèk mo teknik nèf w’ap jwenn nan liv la.


Chapit yo

Chak chapit yo byen detaye nan kinannan liv la, kote ou kab al chwazi nivo w' pi alèz la. Lè ou ale nan finisman liv la w'ap jwenn “ Endèks “. Ou kab sèvi ak lis sa a pou ou al chache chak mo sa yo san pèdi tan. Anplisdesa, leson yo pa gen konplikasyon. Yo senp.


Liv sa a se youn konpilasyon kat vèsyon nan pwogram Windows yo (Windows 3.1, 95, 98 epi 2000). Edisyon FANATIK prepare li pou moùn ki renmen òdinatè epi ki renmen kreyòl tou. Li pou timoùn, jenn moùn kou granmoùn. Kit yo se pwofàn nan zafè òdinatè, osnon yo ka degaje yo; osnontou yo se gwo espesyalis nan koze òdinatè a, y'ap kapab sèvi ak liv sa a. Leson yo fasil. Liv sa a tou al chache espesyalman moùn ki ap anseye enfòmatik nan peyi D Ayiti. Dapre youn ti ankèt nou te mennen sou lekòl enfòmatik nan peyi a, nou te dekouvri pifò pwofesè nan lekòl sa yo anseye elèv yo enfòmatik la an kreyòl. Men lè y'ap ekri sou tablo a yo ekri an franse.

Si-w ta vle konpare liv sa a ak lòt liv òdinatè yo ki sou mache a, li patap pran ou anpil tan pou remake sèl diferans ki genyen antre yo se lanng nan. Paske menmjan ak tout lòt liv òdinatè, premye objektif liv sa a se ede-w fè plis travay nan mwens tan.

Eksplikasyon ki bay nan liv la fasil anpil, kidonk ou pap koumanse nan oun liy, epi lè ou rive sou lòt liy nan pou w’ pèdi. Se oun liv ki bon pou moùn itilize lakay yo tankou nan biwo yo.

xxxAVPxxx
Donate to EbookNetworking
Prev
Next